Aprann sèvi ak IA
pou w ka sispann razè.
DJR Akademi fèt pou kreyatè kontni, antreprenè, pwofesyonèl, lidè, ak tout moun ki vle aprann pale pi byen, kreye pi byen, vann pi byen, epi konstwi yon lavi ki gen plis opòtinite.
KATEGORI & SÈVIS YO
Dekouvri diferan fason nou ka ede w grandi, aprann, ak ogmante revni w gras ak teknoloji ak kominikasyon.
KOU
Fòmasyon pratik ak konplè pou aprann kijan pou w itilize AI ak zouti dijital pou devlope biznis ou oswa karyè ou.
EBOOK
Gid ak liv elektwonik ki chaje ak estrateji dirèk pou w ka kòmanse aplike sa k ap mache kounye a.
KONSILTASYON
- ✔ Brand Pèsonèl
- ✔ Kreyasyon Kontni
- ✔ Biznis Dijital
- ✔ Ekriti Liv/Ebook
- ✔ Storytelling ak Kominikasyon
- ✔ Estrateji AI pou travay oswa biznis
SÈVIS PRATIK
- ⚡ Ekri script videyo
- ⚡ Kreye plan kontni 30 jou
- ⚡ Korije/òganize ebook
- ⚡ Ekri/korije memwa inivèsite
- ⚡ Konseptyalize ebook pou vann
- ⚡ Kreye estrateji brand
- ⚡ Prepare diskou & prezantasyon
- ⚡ Kreye prompt AI pou biznis
COACHING PRIVE
Yon pwogram pèsonalize pou pastè, pè, paran, lidè, politisyen, vandè, CEO ak enfliyansè ki vle aprann pale ak plis klète, otorite, emosyon ak konviksyon, pou yo ka enfliyanse, konvenk, dirije epi touche moun yo ap adrese yo.
Dekouvri Pwogram NanKADO / GRATIS
Resous gratis, e-books ak gid rapid ki fèt pou ede w fè premye pa w yo nan mond kreyasyon kontni an ak entèlijans atifisyèl.
Pwodui an vedèt

Jean Ronald Dumervil
“Mond lan Gen ase richès pou tout moun jwenn epi viv byen. Men sa pa anpeche gen yon gwoup moun kap viv nan richès yon lòt group ap viv nan provrete. Liy ki separe de group moun sa yo rele konesans.”
Apre m fin ranmase plizyè milyon vyouz, gen prèske yon milyon moun kap swiv mwen, fè plizyè dizèn milye dola benefis sou entènèt la, mwen konkli ke DJR Akademi fonde pou elimine liy sa a, men tou kraze baryè povrete sa a nan lavi tout ayisyen ki vle.
DJR Akademi se pou Ayisyen ki pa vle rete dèyè nan epòk AI a. Li fèt pou kreyatè kontni, antreprenè, elèv, pwofesyonèl, lidè, pastè, paran, vandè, politisyen ak tout moun ki vle aprann pale pi byen, kreye pi byen, vann pi byen, epi konstwi yon lavi ki gen plis opòtinite.
Sou DJR Akademi, gen kou, ebook, konsiltasyon, coaching prive, ak sèvis pratik ki ede w aprann vit, aplike fasil, epi avanse ak plis konfyans. Nou pa sèlman baze sou teyori. Se eksperyans pratik Jean Ronald Dumervil kòm otè, fòmatè, kreyatè kontni, ak oratè k ap sèvi w chak jou pou ede w devlope konpetans ou yo.

