design_servicesKategori 4

Sèvis Pratik

Ou pa bezwen fè tout bagay pou kont ou. Kite yon ekip pwofesyonèl pran an chaj kreyasyon kontni w, estrateji w ak pwojè w yo pou w ka konsantre sou sa ki pi enpòtan pou ou.

Espesyalite Nou

Delege Avèk Konfyans

Chwazi sèvis ou bezwen an epi kite nou fè rès la ak nivo pèfeksyon ki fè repitasyon DJR Akademi.

movie_edit

Ekri script videyo

Script ki kapte atansyon depi nan premye segonn yo epi pouse moun pase a l'aksyon.

calendar_month

Kreye plan kontni 30 jou

Yon kalandriye pèsonalize ak lide klè pou w rete konsistan sou rezo yo san pèdi tan.

auto_stories

Korije/òganize ebook

Nou mete lòd nan lide w yo, korije fòt yo, epi ba l yon estrikti ki fasil pou li.

school

Ekri/korije memwa inivèsite

Akònpanyeman pwofesyonèl pou travay inivèsitè w la reponn ak tout egzijans akademik yo.

monetization_on

Konseptyalize ebook pou vann

Soti nan jwenn bon tit la, pase nan konsepsyon an, pou rive nan ang maketing pou vann li.

campaign

Kreye estrateji brand

Defini idantite w, vwa w, ak fason pou w pozisyone tèt ou kòm yon lidè nan domèn ou.

record_voice_over

Prepare diskou & prezantasyon

Tèks ki gen enpak, byen estriktire, ki fèt pou kenbe atansyon kèlkeswa gwosè odyans lan.

smart_toy

Kreye prompt AI pou biznis

Prompt spesifik sou mezi ki pèmèt ou otomatize travay ou epi double pwodiktivite w ak AI.

Prè pou w vanse pi vit?

Pa kite ti detay yo ralanti gwo vizyon w genyen an. Fè yon ti pale avèk nou jodi a pou nou wè kijan nou ka ede w.